In Memory of

Ritha

Cadichon

Charles

Obituary for Ritha Cadichon Charles

Discours d’adieux à la défunte Mme buton CADICHON

Li difisil poum kwè,yon reyalite ke mw pap janm ka aksepte.
Yon bagay ki fòsem reflechi anpil mwen menm Reginald, ak
Fason kew te konn gatem chouchoutem, bagay ke mwen pap
Janm ka viv ankò akoz mouche lanmò retirew nan bra nou
Malgre ke medsen te fè tout sak posib pou te baw lavi men
Konpetans yo pat sifi pou te baw ti moso lavi.
Ou pati ou kite dèyè yon pakèt kè nan lapèn mw vlew konnen
Kem pat janm imajine ke yon jou ke nou tap konsevwa lavi san ou
Paske ou te envensib pou nou.
Mwen espere ke kote ou ye a wap resevwa ti mo sa yo ki soti nan
Fon kè nou
Chak swa map gad etwal yo ki nan syèl la ki tou nwa menm jan ak
Panse m e ke map tann pou yo briye pou yo ka montrem ke ou toujou
La.
Mwen pataje ak yo tout bèl ti pawòl ke mwen pat gentan diw pandan mwen
Espere ke vwam ap fè eko pou rive jis kotew ye a.
Prezans ou mankem nan tout bagay chak segond ki pase li mankem pi plis
Vwaw kòm bousòl ki pou dirijem , souriw ki pou banm espwa lè mwen
Dekouraje reprimand ou yo ki pou metem sou ray lè mwen vle pèdi chemen
Mwen santi zantray mwen ap rache lè map gade tout souvni sa yo ou kite e
Tout bèl moman sa yo ke nou pap janm reviv ankò paskew pa la.
Manman siw te ka imajine kòman li di pou dènye pitit ou renmen anpil la
clivens
Viv san ou chak fwam tande yo site nonw mwen gen enpresyon yo rache yon
Pati nan mwen ki vid depi kèk tan mwen ta renmen ou voye tout fòs ou te
genyen yo poum ka avanse san ou.
Mwen konnen ou pa la ,mw konnen ou pap janm tounen ankò mwen konnen
Nanm ou gentan kite kòw pa gen yon lòt mwayen pouw tounen ankò
Men sil te plè prouvem d’une manière ou d’une autre ke ou toujou la
Ke ou pa ale nèt e kew egziste nan vi toujou map tann yon siy yon mirak yon
Ti limyè ki pou montrem la vi san ou ke nou pat janm imajine an finalman
posib.
Mwen santim pa ka kontinye konsa ,nan poze tèt mwen kesyon siw te la
kòman sa tap ye, kòman chak moman tap reprezante.doulè mwen santi
Depi lèw ale a ensipòtab.
Mèsi ,mèsi,mèsi ankò mèsi paske ou te rann joum yo pi bèl avèk lanmou
Afeksyon la paix
Mèsi dèskew te toujou la pou mwen ou pat janm abandone m malgre
Tout sak pase ,mèsi pou lajwa ou te met nan vim ke pèsòn pap ka mete
Ankò mèsi pou moso edikasyon ou te banm byenke ou pat gentan tann
Rezilta bacc la .
Mèsi pou prensip, konsèy , ide ou te konn banm ki pral edem kontinye
San ou mèsi pou tout sa ou reyalize nan vim e mwen pwomèt ou nou
Pral travay di pou nou reyalize saw pat gentan reyalize, nou pral travay
Poun fè bonèw kotew ye a pou m fèw kontan se sèl sa mwen ka baw an retou.
Mwen kontantem ak mo sa yo e mwen espere wap tande e konprann enpak
Vid ou kite nan fon kè tout moun ki renmenw profondeman.
E menm ke lanmò rache vi w kriyèlman pa bliye chak jou ki pase mwen pap
Janm bouke renmenw,Car la mort n’arrête pas l’amour
Nan non papa m Buton CADICHON
Nan non pitit ou yo ki se :
• Robenson CADICHON
• Reginald CADICHON
• Alexander CADICHON
• Clivens CADICHON
Mwen swete w yon bon depart
Se te pitit ou renmen anpil la e ki renmenw anpil la
Alexander(Dave)
Dieu t’a dans ses bras je t’ai dans mon cœur.